Capture Like a Pro
Fotografi se pa peze bouton sou yon kamera. Se yon fòm ekspresyon, yon lang vizyèl, epi pou anpil moun, li se yon opòtinite pou konstwi yon karyè oswa devlope yon pasyon ki gen anpil valè. Capture Like a Pro fèt pou ede ou antre nan mond fotografi a ak konfyans, menm si ou poko gen eksperyans.
mwen kòmanse fe foto depi 2016 lem vin gen twa mwa manmanm mouri sou yon ane anko papam mouri apre lanmò manamnm ak papam bagay yo te vin pi konplike pou mwen m patko gen kamera lè pou fè foto pou yon kliyan se lwe stidyo ak tout kamera a bagay yo te difisil anpil chak swa map kriye pou lwe stidyo defwa nan anpil imilyasyon men m pat lage m toujou rete kenbe