Bati Premye Revni Dijital Ou Nan 7 Jou selman
Nan yon mond kote pri yo ap monte, travay yo pa garanti, epi lavi a vin pi difisil chak jou… gen youn sèl bagay ki pa chanje : posiblite pou w kreye pwòp sous revni ou sou entènèt.
Mini ebook sa a fèt pou ede w fè premye pa w nan biznis dijital la san konfizyon, san presyon, epi san bezwen konn okenn teknik avanse. Mwen kwè chak moun merite yon chans pou avanse, pou grandi, epi pou chanje lavi yo.
Se avèk vizyon sa a FredEcom509 pran nesans : pou mete zouti, konesans, epi opòtinite nan men moun ki vle pran lavi yo an men.