One-on One AI Coaching
Aprann sèvi ak AI avèk konfyans nan yon coaching pèsonalize youn-a-youn avèk Rochelle Toussaint. Aprann kreye kontni, ekri bon prompts, itilize zouti AI, epi devlope konpetans kreyatif ou etap pa etap.
Rankontre avek Rochelle
Mwen se Rochelle Toussaint, yon kreyatè dijital ak coach AI ki pasyone pou ede moun devlope konpetans yo epi itilize teknoloji avèk plis efikasite.
Atravè coaching youn-a-youn, mwen ofri yon akonpayman pèsonalize pou ede w konprann AI, kreye kontni pwofesyonèl, ekri prompts ki efikas, epi entegre zouti AI nan travay oswa biznis ou.
Objektif mwen se ede w aprann AI avèk plis konfyans, klète ak yon metòd ki adapte ak bezwen ak objektif ou.
1. Kisa One-on-One AI Coaching lan ye?
1. Kisa One-on-One AI Coaching lan ye?
Se yon sesyon coaching pèsonalize kote m ap gide w etap pa etap pou w aprann sèvi ak AI selon bezwen ak objektif ou.
2. Kisa m ap aprann nan coaching lan?
W ap aprann kijan pou itilize zouti AI, kreye kontni, ekri prompts efikas, kreye imaj ak videyo avèk AI, epi entegre AI nan travay oswa biznis ou.
3. Èske mwen bezwen gen eksperyans nan AI?
Non. Coaching lan fèt pou débutan ak moun ki deja gen kèk eksperyans. N ap adapte sesyon an selon nivo ou.
4. Konbyen coaching lan koute?
Pri coaching lan se $97 USD.
5. Kijan mwen pran randevou?
Apre ou fin enskri, w ap jwenn lyen pou chwazi dat ak lè ki pi bon pou ou.
6. Èske coaching lan pèsonalize?
Wi. Sesyon an fèt selon kesyon, bezwen, ak objektif ou.
7. Ki sa mwen bezwen pou sesyon an?
Ou bezwen yon telefòn oswa òdinatè, yon koneksyon entènèt, epi pare pou aprann ak pratike.