Le Magazine de Madjymode
Pandan w ap li paj sa yo, wap jwenn mo ki mal
ekri, fraz ki pa respekte règ yo, lang ki melanje,
oswa ekspresyon ki sanble pa nan plas yo, pa
prese korije yo.
Yo la. Men Yo la pou yon rezon.
Li fè fot. Li melanje. Li konfonn. Li deranje.
Se yon miwa pounn gade pwot tet nou. Pounn
wè lan ki pwen medyokrite prime.
Kote pafwa sa ki byen pase inapèsi, pandan sa
ki mal jwenn plis plas. Yon sosyete kote
egzijans ap pèdi teren, kote aparans ka pran
plas fondasyon, epi kote medyokrite ka vin
nòmal.
Mwen te kapab korije tout bagay. Mwen chwazi
pa fè sa.
Paske pafwa, pou montre yon dezòd, fòk ou
kite dezòd la pale poukont li.
Li. Obsève. Reflechi.
Petèt pi gwo fot ou pral dekouvri nan Magazine
sa a se pa sa ki ekri yo. Se sa ki andan istwa
kap rakonte andan magazine sa.