DIGITAL PRODUCTS BUSINESS A–Z Gid konplè pou kòmanse, kreye, vann ak devlope yon biznis pwodwi dijital Otè: Rodrigue Frandy Jean | 2026
📘 DIGITAL PRODUCTS BUSINESS A–Z
Gid konplè pou kòmanse, kreye, vann ak devlope yon biznis pwodwi dijital
Ou vle kòmanse yon biznis sou entènèt san ou pa bezwen jere envantè, depo oswa ekspedisyon? Digital Products Business A–Z se yon gid pratik ki montre w etap pa etap kijan pou konstwi yon biznis ki baze sou pwodwi dijital.
Nan liv sa a, w ap aprann kijan pou konprann mache pwodwi dijital la, chwazi yon niche, idantifye pwoblèm moun bezwen rezoud, epi kreye pwodwi moun ka achte sou entènèt. Liv la kouvri plizyè kalite pwodwi tankou eBooks, Canva templates, planners, worksheets, trackers, courses, checklists ak lòt pwodwi dijital.
W ap jwenn tou yon gid sou fason pou vann pwodwi ou sou diferan platfòm tankou Etsy, Payhip, Gumroad, Shopify ak lòt chanèl sou entènèt.
📚 Sa w ap jwenn nan liv la:
- Kisa yon pwodwi dijital ye ak kijan biznis la fonksyone
- Kijan pou chwazi yon niche
- Kijan pou jwenn pwoblèm kliyan yo epi kreye solisyon
- Kijan pou kreye yon eBook depi nan kòmansman rive nan fen
- Kijan pou kreye Canva Templates
- Kijan pou kreye planners, worksheets ak trackers
- Kijan pou mete pwodwi ou sou Etsy
- Kijan pou itilize Payhip ak Gumroad
- Kijan pou konstwi yon Shopify store pou pwodwi dijital
- Kijan pou fikse pri pwodwi ou
- Kijan pou kreye yon òf ki gen plis valè
- Upsell, cross-sell ak bundles
- Instagram marketing, Reels, Stories ak Carousel
- Hooks, captions ak Call-to-Actions
- Estrateji pou jwenn kliyan ak ogmante lavant
Liv la fèt pou moun ki nouvo nan digital products epi ki bezwen yon gid klè pou konnen ki kote pou kòmanse, kisa pou kreye, kijan pou vann li, epi kijan pou devlope biznis la.
🎯 Objektif liv la: ede w pase soti nan yon lide senp pou rive nan yon pwodwi dijital ou ka mete sou mache epi kòmanse devlope kòm yon biznis.
Kòmanse aprann. Kòmanse kreye. Kòmanse vann.