Le Magazine de Madjymode
Bote pa sèlman sa nou wè nan glas. Li kòmanse nan fason nou pran swen tèt nou, nan konesans nou
genyen sou cheve nou, po nou. Konfyans nou genyen lan tet nou, ak lanmou nou aprann bay tet nou. Se nan
vizyon sa a « Madjymode Magazine » prann nesans. Apre plizyè ane ap evolye nan domèn bote, mwen te
santi li enpòtan pou kreye yon espas ki ale pi lwen pase salon de beauté a, yon espas kote nou kapab
enfòme, edike, enspire epi valorize tout sa ki gen rapò ak bote ak byennèt.
Nan paj nou yo, n ap pale de swen cheve, swen kò, estetik, pwodui bote, pwofesyonèl nan metye a,
fonksyònman studio ak salon de beauté, ansanm ak sijè sou byennèt, lavi ak devlopman pèsonèl.
Nap genyen tou yon espas pou detant ak emosyon atravè ribrik woman nou an. Men pi gwo anbisyon nou se
mete limyè sou talan, kreyativite ak travay moun k ap evolye nan sektè bote a.
Madjymode Magazine se pa sèlman yon magazine sou bote. Se yon espas pou aprann, dekouvri, grandi epi
pran swen tèt nou. Mwen swete chak edisyon ap pote yon bagay nouvo nan lavi nou epi ede nou konprann
yon verite ki senp.