Your Cart
Loading

SE SA LI YE: IT IS WHAT IT IS

On Sale
CAD12.99
CA$12.99
Added to cart

Se sa li ye se yon istwa yon Chevalye ak yon fanm yo rele Sajès. Lè yo rankontre, se tankou destin vinn mare yo ansanm. Chevalye tonbe damou pa sèlman pou bote li, men sitou pou limyè ak verite li pote. Pou li, Sajès se pa yon fanm o aza, men yon Rènn ki pote fòs, espwa ak direksyon nan lavi li.


Chak pawòl Sajès se yon pilye ki leve'l, chak jès li se yon sous enspirasyon. Lanmou yo pa bati sou aparans ni sou manti, men sou respè, lafwa, ak vrè verite. Sajès se abri li, se kouwòn li, se fanm ki fè'l kanpe dwat menm lè lavi vinn difisil.


Liv la fè lwanj fanm ayisyèn yo: natif natal, djanm, vanyan, ak nanm ki klere. Istwa sa montre vrè lanmou se pa yon bagay fèb, men yon mirak ki bati sou Bondye ak sou fòs espirityèl, yon lanmou ki pa ka kraze.


You will get the following files:
  • PDF (268MB)
  • DOCX (6MB)