Manman mwen
Deskripsyon liv la : Manman Mwen
Manman Mwen se yon istwa vre, ki chaje ak emosyon, ki rakonte lavi yon manman ki soufri anpil ak yon pitit ki te oblije grandi twò vit.
Nan liv sa a, Cherly Guerrier pataje tout verite li…
yon lavi ki make pa mizè, separasyon, doulè, men sitou yon lanmou san limit pou manman li.
Liv la pale de :
Yon anfans difisil ant plizyè kay
Yon manman ki frape ak maladi mantal
Lavi nan lari, neglijans ak batay pou siviv
Je yon timoun ki pa janm sispann renmen manman li
Malgre tout soufrans lan, Manman Mwen pote tou yon mesaj fò :
lanmou, padon ak espwa.
Se yon omaj pou tout manman k ap soufri an silans…
ak tout pitit ki kontinye renmen yo malgre tout bagay.