C.E.C.I.L.E VODOU
Vodou Édikasyon
Vodou Édikasyon
Houngan Tyza Isac, Houngan Espérance Isac, Houngan André Isac, Houngan Elien Isac
katryèm jenerasyon Houngan Ayiti. Aprè karant (44) lane, tout sam wè, m tande epi m
aprann, nan bouch gran paran m yo, ak tout sa m aprann nan bitasyon lakou m pase yo,
esperyans sa yo pral sèvi jèn ak granmoun, ki vle aprann kilti yo, ki se yon richès yo
menm tou pou yo di pitit pitit yo, sa yo te wè, sa yo tande nan zorèy yo. Pou nou pa
janm bliye, sak te di nan bouch, ki tande nan zorèy, men pito nou wè jodia epi nou ekri.
Se sa nou wè ak sa nou te tande nou ekri, nou pa retire tikras, ni tou nou pa ajoute tikras.
Respè pou sila yo ki janbe, men memwa yo ak esperyans yo, filozofi yo, ap rete nan liv
Akademi Vodou Ayisyen sa a, onè pou tout sa ki vivan yo, nou espere yap toujou
kontinye ba nou toutan nou la, pou nou ekri pot bay sila yo ki swaf konesans ak
esperyans ke nou wè nou tande nan lakou, nan bitasyon, nan demanbwe, nan peristil
elatriye…