About Me
Houngan Tyza Isac, Houngan Espérance Isac, Houngan André
Isac, Houngan Elien Isac katryèm jenerasyon Houngan Ayiti.
Aprè karann kat (44) lane, tout sam wè, m tande epi m aprann,
nan bouch gran paran m yo, ak tout sa m aprann nan
bitasyon lakou m pase yo, esperyans sa yo pral sèvi jèn ak
granmoun, ki vle aprann kilti yo, ki se yon richès yo menm tou
pou yo di pitit pitit yo, sa yo te wè, sa yo tande nan zorèy yo.
Pou nou pa janm bliye, sak te di nan bouch, ki tande nan
zorèy, men pito nou wè jodia epi nou ekri. Se sa nou wè ak sa
nou te tande nou ekri, nou pa retire tikras, ni tou nou pa
ajoute tikras.
Respè pou sila yo ki janbe, men memwa yo ak esperyans yo,
filozofi yo, ap rete nan liv Akademi Vodou Ayisyen sa a, onè
pou tout sa ki vivan yo, nou espere yap toujou kontinye ba nou
toutotan nou la, pou nou ekri pote bay sila yo ki swaf
konesans ak esperyans ke nou wè nou tande nan lakou, nan
bitasyon, nan demanbwe, nan peristil elatriye…
Houngan/ Anperè Isac Elien
Katryèm jeneras yon Houngan Dayiti
Pétion- ville, Mon tagne Noire Impasse C. Georges, #502