Your Cart
Loading

About Me

Welcome to Caunelle Academy

Mwen se Juvens, yon antreprenè e-commerce ki espesyalize nan Amazon FBA, TikTok Shop, ak Shopify. Objektif mwen se ede moun aprann kijan pou yo bati yon biznis sou entènèt avèk bon estrateji, bon zouti, ak eksperyans reyèl nan mache a.

Nan fòmasyon mwen yo, mwen montre elèv yo etap pa etap kijan pou yo:

  • Kreye ak verifye kont Amazon Seller yo
  • Fè Product Research avèk SellerAmp ak SmartScout
  • Jwenn suppliers serye sou Alibaba
  • Jwenn invoice Amazon aksepte
  • Fè Wholesale ak Brand Direct
  • Jwenn ungating pou mak ak kategori yo
  • Kreye shipment FBA epi voye pwodwi yo bay Amazon
  • Sèvi ak AI ak lòt zouti pou grandi biznis yo pi vit

Misyon mwen se ede elèv yo evite erè débutan yo fè epi aprann sistèm ki mache vrèman nan e-commerce jodi a.

Si ou pare pou aprann epi aplike sa yo anseye nan fòmasyon yo, mwen kontan akeyi ou nan kominote a.

Byenvini nan Juvens Academy!